Lanse 2 Nouvo Pwogram pou Ede Ti Biznis ki Kalifye pou Ede yo Refè

Published on April 30, 2020

COVID-19 Updates

Vil Miami ap lanse 2 nouvo pwogram asistans ou ti biznis pou bay soulajman pou biznis Vil la ki te afekte ralantisman ekonomi a COVID-19 lakòz: Pwogram Asistans pou Mikwo-Antrepriz pou Kontinwite Komèsyal (Business Continuity Micro-enterprise Assistance Program) ak Pwogram Asistans Prè Ijans pou Ti Biznis (Small Business Emergency Loan Assistance Program). Peryòd aplikasyon an pou toulede pwogram pral kòmanse lendi 4 me epi li louvri sèlman pou ti biznis ki sitye andedan limit Vil Miami.

"Ti biznis se motè kominote nou an”, dapre sa Majistra Miami Francis Suarez deklare. “N ap fè tout sa nou kapab pou ede yo refè aprè peryòd difisil sa yo.Ansanm nou pral pi djanm toujou."

Pwogram Asistans pou Mikwo-Antrepriz pou Kontinwite Komèsyal pral bay sibvansyon pou biznis ki kalifye, ki pou fè pwofi, ki stye nan Vil Miami ki gen senk(5) anplwaye oswa mwens, pwopriyetè a konte tou nan kantite anplwaye biznis la genyen, yo konsidere ki pa esansyèl (Òdonans Ijans Konte Miami-Dade 7-20) epi yo te oblije fèmen dapre òdonans Rete Lakay ou Vil la te mete anplas. Biznis ki kalifye yo kapab resevwa jiska $10,000 pou peye pou jiska twa (3) mwa depans komèsyal ki otorize, tankou men se pa sa sèlman, salè anplwaye ki la kounye a, lwaye ak peman bòdwo elektrisite, dlo ak telefòn. Pami lòt kondisyon yo, se pou pwopriyetè biznis mikwo-antrepriz la dwe touche 80% nan revni mwayen nan zòn la (area median income, AMI) oswa mwens ki ajiste dapre kantite moun ki nan kay la, jan Depatman Etazini Lojman ak Devlopman Iben (US Department of Housing & Urban Development, HUD) defini sa. 

Biznis yo ki resevwa finansman Lwa Èd, Soulajman ak Sekirite Ekonomik pou Kowonaviris (Coronavirus Aid, Relief, and Economic Security, CARES Act) la atravè Administrasyon Ti Biznis la p ap kalifye pou pwogram sa a.

Pwogram Asistans Prè Ijans pou Ti Biznis (Small Business Emergency Loan Assistance Program, SBELP) la pral bay prè moun gendwa pa bezwen peye ki ant $10,000 ak $20,000, pou biznis ki kalifye, ki pou fè pwofi nan Vil la pou ede peye depans komèsyal ki kalifye yo tankou, men se pa sa sèlman, lwaye, salè anplwaye ki la kounye a yo ak depans pou sèvis Leta bay. SBELP la louvri pou biznis Vil la ki gen omwens yon pwopriyetè ak yon anplwaye epi 20 anplwaye maksimòm. Pou chak prè, yon djòb pèmanan atanplen pou yon moun ki touche yon revni fèb-mwayen (80% AMI oubyen anba) dwe pwoteje pandan omwens 12 mwa pou yo kapab pa oblije repeye prè a. Finansman SBELP kapab itilize pou konplete finansman yo resevwa nan Pwogram Pwoteksyon Chèk Salè (Paycheck Protection Program, PPP) dapre Lwa gouvènman federal CARES la, men pa pou menm depans yo.

Biznis yo ki aplike yo ap dwe prezante dokiman ki montre yo konfòme ak direktiv youn oswa lòt pwogram la. Yo pral bay asistans lan selon premye moun ki rive, se premye moun yo pral ede, jiskaske pa gen lajan ankò.

Kijan pou Aplike/Egzijans yo
Anba la a w ap jwenn direktiv jeneral sou fason biznis yo gendwa aplike pouPwogram Asistans Mikwo-Antrepriz la ak pou SBELP epi esplikasyon sou kijan pou prezante yon aplikasyon:

  • Biznis k ap aplike yo dwe sitye nan limit Vil Miami, pa gen ekspesyon.
  • Biznis yo kapab konfime si yo andedan limit Vil Miami a isit.
  • Peryòd pou voye apliaksyon yo ap kòmanse lendi 4 me a 12:00 midi epi li fini vandredi 8 me a 5:00 p.m.; nou p ap aksepte aplikasyon bonè yo
  • Aplikasyon sou Entènèt yo pou Pwogram Asistans Mikwo-Antrepriz la disponib si w klike isit
  • Aplikasyon sou Entènèt pou Pwogram Asistans Prè Ijans pou Ti Biznis (Small Business Emergency Loan Assistance Program) yo disponib si w klike isit
  • Moun ki andikape yo ak moun ki pa gen aksè nan Entènèt ta dwe rele nan 305-416- 2080 pou jwenn asistans pou ranpli aplikasyon an kou peryòd aplikasyon an kòmanse