Restoran Miami Otorize pou Re-louvri pou Kliyan k ap Manje Souplas Apa

Published on May 27, 2020

COVID-19 Updates

Koumanse 27 me, restoran nan Vil Miami pral otorize pou yo re-louvri pou resevwa kliyan ki manje souplas, menmsi gen sèten règ sekriite sante estrik ki anplas. Pami règ sa yo, yo limite kapasite restoran an pou li resevwa 50% maksimòm nan kantite moun ki otorize nan etablisman an (sa yo rele to okipasyon) epi règ obligasyon pou mete mask ak respekte elwayman distans solsyal la kontinye anplas. Aksyon sa a fè pati nan Faz I plan reyaktivasyon pa etap Vil la ki rele Stand Up, Miami (Kanpe, Miami), yo te demare semèn dènyè, lè plizyè kategori biznis ki pa esansyèl epi yon kantite limite pak Vil la te re-louvri.

“Restoran yo se yon gwo pati nan ekonomi lokal nou an, k ap anplwaye dirèkteman plizyè milye moun nan Miami, epi nou deja pare pou kòmanse re- louvri yo avèk prekosyon pou kliyan ki pral manje souplas”, se sa Majistra Miami Francis Suarez deklare. “Pou n ka fè sa, gen sèten règ ki anplas pou ede pwoteje no anplwaye restoran an ni kliyan yo epi pou limite pwopagasyon san rete viris COVID-19 la, ki kontinye prezan nan kominote nou an. M ap rele tout rezidan Miami yo pou yo kapab fè sa yo kapab pou respekte règ yo epi pwoteje youn lòt.”

Règ pou Manje Souplas nan Restoran

Annapre a w ap jwenn yon prezantasyon rapid règ prenspal tout restoran yo – ak ‘’diners’’ yo tou – dwe respekte pou sèvis repa souplas. Règ say o pral rete anplas jiska pwochen anons la epi Vil Miami pral sanksyone moun ki pa respekte yo. 

  • Kapasite restoran yo limite a 50% kapasite okipasyon maksimòm yo.
  • Kliyan yo dwe rete deyò oubyen nan machin yo jiskaske otès/responsab akèy kliyan rele yo pou vin chita
  • Mask nan figi obligatwa tout tan, eksepte si kliyan an chita atab
  • Règ elwayman distans sosyal yo anplas tout tan anndan ak deyò, eksepte si ou chita atab
  • Yo pa aksepte okenn gwoup moun ki gen plis pase 4 moun ladann,eksepte gwoup moun ki rete nan menm kay la epi yo limite kantitegwoup sa a pou 6 moun kay
  • Bar restoran yo ap rete fèmen Sèvis valè paking entèdi

Pou revwa tout lis konplè règ pou manje souplas nan restoran, tanpri klike isit. Pou jwenn plis enfòmasyon konsènan plan reyaktivasyon pa etap Stand Up, Miami (Kanpe, Miami) a, tanpri al gade nanwww.miamigov.com/reopening. Al gade dokiman ki anba la yo pou kapab konsilte tout òdonans ijans lan nèt epi avi a ki anonse restoran yo pral re-louvri.