Vil Miami Ap Re-Louvri yon Kantite Limite Pak Mèkredi

Published on May 18, 2020

COVID-19 Updates

Koumanse mèkredi 20 me sa a,26 pak Vil Miami pral re-louvri pou rezidan yo nan katye toupatou nan lavil pou relaksasyon ak izaj pasif soti 7è:00 a.m. rive 7è:00 p.m. toulejou. Rezidan yo gendwa vizite pak yo swa ou kont yo oubyen ak moun kay yo sèlman epi nou ankouraje yo pou yo ale nan pak ki pi pre lakay yo. Aksyon pou re-louvri yon fason ki limite fè pati nan plan reyaktivasyonStand Up, Miamipa etap pou re-louvri kominote a yon fason ki responsab, etan kontinye gen anpil ki enfekte COVID-19 menmsi gen mwens.

"Nou kontan pou n re-louvri yon kantite limite pak Vil la pou rezidan nou yo kapab soti epi respire lè fre epi fè egzèsis apre yon konfinman COVID-19 ki te dire anpil tan", se sa Manadjè Vil Miami, Art Noriega, te deklare. "Pandan n ap kòmanse re-louvri tou Dousman pak ak biznis nou yo, nou mande tout rezidan Miami yo pou yo fè tout sa yo kapab pou kenbe kominote a yon kote ki san danje, lè yo respekte règ distans sosyal yo ansanm ak lòt direktiv nou te mete anplas yo."

Pou kapab limite kontak dirèk yon moun ak yon lòt andedan park ki kouvri yo epi pou kenbe vizitè yo an sekirite, yon kantite règ espesifik pral anplas souplas epi se gadyen rangers Pak Vil la ki pral sanksyone yo ak asistans Depatman Polis Miami a. Pano ki liste règ sa yo ap afiche nan tout antre pak yo pou vizitè yo kapab li yo epi konprann. Pou pi piti, vizitèpak yo obije respekte règ distans sosyal yo epi mete yon atik ki kouvri figi yo tout tan, eksepte timoun ki gen mwens pase 2zan epi moun k ap antrene fèm, tankou sa yo k ap fè djòging.Anplisdesa, plizyè enstalasyon nan pak yo ap rete fèmen epi vizitè pak yo p ap kapab jwenn aksè nan yo jiska pwochen anons la.

Annapre w ap jwenn règ prensipal vizitè pak yo dwe respekte. Klike la pou jwen lis konplè règ yo.

• Mask pou figi obligatwa tout tan, eksepte pou timoun ki poko gen 2zan oswa moun k ap fè gwo efò tankou djòging
•Distans sosyal obligatwa tout tan
•Pak yo louvri pou izaj pasif ak divètisman sèlman: mache, djòging, monte bisiklèt, onte wolèsket, 2 moun ki jwe tenis ak 1 moun ki jwe rakètball
•Teren je, pak pou chen, teren espò, teren baskètball ak voleball yo, zòn fitnès ak pisin yo ap rete fèmen
•Espò ki òganize, pati foutball (pickup) modifye ak sesyon fòmasyon entèdiestrikteman
•Fèt anivèsè, babekyou, piknik ak rasanbleman nenpòt tip entèdi estrikteman

Pou kapab li tout lòd la nèt ki otorize pou pak yo re-louvri yon fason ki limite, tanpri gade fichye-jwen (atachman) ki anba la a. Pou jwenn enfòmasyon adisyonèl osijè plan pou re-louvriStand Up, Miamipa etap Vil Miami a, tanpri al gade nan www.miamigov.com/reopening.