Vil la Pral Pran Sanksyon pou Etablisman Detayan ak Komèsyal ki Pa Kon

Published on July 01, 2020

COVID-19 Updates

Vil Miami te pibliye yon lòd ijans ki etabli anpil penalite pou nenpòt etablisman detayan oswa komèsyal ki pa respekte règ sekirite ak direktiv espesifik pou COVID-19 yo Vil ki nan Òdonans Ijans 23-20 Vil Miami ak Konte Miami-Dade la. Biznis yo ansanm ak lòt etablisman komèsyal ki sitye nan Vil Miami konfwonte kounye a ak fèmti ki pral dire ant 10 a 30 jou, si enspektè Vil la dekouvri yo te vyole règ sekirite Vil la oswa Konte a te mete anplas yo.

"Kantite ka COVID-19 ap grenpe toupatou nan Florida, epi malerèzman Miami pa yon eksepsyon nan grann tandans enkyetant sa a", se sa Majistra Miami Francis Suarez te deklare. "Anmentan n ap mete responsabilite a sou do chak rezidan endividyèlman pou yon konpòte yo yon fason ki responsab, n ap mete bagay yo klè grasa lòd sa a ke kominote komèsyal nou an dwe entansifye efò yo epi jwe yon wòl aktif pou kenbe moun an sekirite. Pifò vandè lokal yo deja ap fè sa yo kapab, men se pou tout moun nèt konfòme yo pou n ka kwape pwopagasyon COVID-19 lokalman."

Dapre lòd ijans Vil Miami siyen jodi a, biznis yo detèmine ki pa konfòme ap dwe fèmen touswit, depi pèsonèl Vil Miami oswa Konte Miami-Dade ba yo lòd pou fèmen. Anvan yo ka re-louvri, bizinis yo yo te fèmen dwe siyen yon pwokirasyon (affidavit) –epi voye l nan Depatman Polis Konte Miami-Dade la –pou endike yo te revwa pwosedi yo epi yo te pran mezi korktiv. Eksplwatan biznis yo ki manke respekte yon direktiv pou fèmen epi/oswa ki pa rete fèmen pou tout peryòd enspektè yo egzije sou labaz lòd sa a, y ap plase eksplwatan sa yo ozarè dapre seksyon 252.50, Manman-Lwa Eta Florid.

Pwogram ki detaye enfraksyon yo anba la a:

•Premye enfraksyon: fèmti pou 10 jou
•Dezyèm enfraksyon: fèmti pou 15 jou
•Twazyèm enfraksyon: fèmti pou 30 jou; gendwa plase eksplwatan etablisman an ozarè daprè seksyon 252.50, Manman-Lwa Eta Florid

Pou revise tout òdonans ijans lan ak avi a, tanpri klike sou imaj ki anba la a.