Vil la ap Konekte Rezidan yo ak Opòtinite Anbochaj Lokal Pandan

Published on April 01, 2020

COVID-19 Updates

Sant Opòtinite Vil Miami a ap aksepte kounye a rezime nan men rezidan k ap chèche travay pou mete yo an kontak ak opòtinite anbochaj lokal nan divès sektè aktivite. Malgre enpak kriz COVID-19 la genyen sou ekonomi global la, anpil konpayi lokal ap anboche aktivman.

Rezidan yo k ap chèche travay kapab prezante rezime yo bay Sant Opòtinite Vil Miami a nan OpportunityCenterInfo@miamigov.com epi yo ta dwe endike nan ki domèn yo gen eksperyans pwofesyonèl/yo enterese travay ladann nan tèks mesaj imèl la. Estaf Sant Opòtinite a an kontak dirèk ak konpayi lokal yo k ap anboche epi yo pral travay pou konekte moun k ap chèche djòb ak opòtinite travay ki apwopriye.

Si ou bezwen plis enfòmasyon konsènan divès domèn k ap anboche kounye a, tanpri al gade feyè ki anba la a.