Vil la ap Ofri Rezidan yo Mask Gratis

Published on July 27, 2020

COVID-19 Updates

Pandan n ap kontinye ankouraje rezidan yo pou "Mete Mask, Miami", Vil Miami ap ofri kounye a mask pou figi ki gratis ak jetab bay rezidan Vil la pandan genyen an rezèv toujou. Mask yo disponib pou vin chèche yo nan 4 biwo NET Vil la epi gen yon limit 5 mask pou chak kay. Rezidan yo k ap mande mask dwe precante yon kat ID valab ki konfime yo reside vreman nan Vil Miami.

Sou labaz yon lòd ijans yo te anonse mwa pase a, moun ki nan Vil Miami dwe mete yon atik pwoteksyon figi an piblik tout tan pou ede kwape pwopagasyon viris COVID-19 la. Moun ki pa konfòme ak lò sa a ap dwe peye yon amann $100 si se premye fwa yo pa t konfòme yo.

Anba la a w ap jwenn adrès biwo NET yo kote mask yo disponib pou vin chèche:

Allapattah NET Office
1897 NW 20th Street
Miami, FL 33142
(305) 960-5128

Flagami NET Office
5135 NW 7th Street
Miami, FL 33126
(305) 960-2890

Marlins Park NET Office
1502 NW 4th Street
Miami, FL 33125
(305) 960-4940

Model City NET Office
1000 NW 62nd Street
Miami, FL 33150
(305) 960-2990